Taleban an bat bravo Madi pou depa fos entènasyonal yo ki pati kite Afghanistan. Yo di retou yo sou pouvwa a ta dwe sèvi kom "gwo leson pou anvayisè yo" e yo ankouraje Etazuni ak res peyi nan mond lan pou yo rekonèt Taleban an kom sèl kok chante nan peyi a.
Prensipal pot pawol Taleban an, Zabihullah Mujahid fè komantè sa a kèk hè'd tan apre dènye avyon milita Ameriken an te pati kite ayewopo entènasyonal la nan Kaboul, kapital peyi Afghanistan.
Pandan li tap pale ak jounalis ki te kanpe sou pis aterisaj la, Mujahid felisite Afghan yo e li deklare depa militè etranje yo se yon viktwa "ki pou nou tout".
Etazuni ak alye oksidantal li yo te debake nan peyi Azi di Sid sa a ke lagè finn ravaje, sa gen 20 an desa. Yo te wetire Taleban an sou pouvwa a san pèdi tan akoz yo te pèmèt rezo teworis al-Qaida a oganize atak kont Etazuni nan mwad Septanm ane 2001.
Taleban an sèmante plizyè fwa ke yo anvizaje yon gouvènman ki pi toleran e ki gen reprezantan divès sektè sosyete a ladann - konpare ak premye fwa yo te pran pouvwa a ant ane 1996 ak 2001. Nan epok sa a yo te enpoze yon sistèm jidisyè brital kite anpeche medam yo travay epi anpeche ti fi resevwa yon edikasyon.
Mujahid te chache soulaje ke sote anpil moun genyen le li t'ap pale ak gwoup elit Taleban an ki rele Badri sou pis aterisaj ayewopo a, kote li lanse yon pinga ba yo pou yo pa chache kraze zo sitwayen yo.
"Aji byen ak popilasyon an," misye deklare. "Pep la merite sa."