Accessibility links

Breaking News

Etazuni Semante Pou'l Kontinye Evakye Ameriken Soti Afghanistan


Yon solda Ameriken ap fe patwouy epi tcheke sekirite a ozalantou ayewopo entenasyonal Hamid Karzai la nan Kaboul, Afghanistan, 28 Out, 2021.
Yon solda Ameriken ap fe patwouy epi tcheke sekirite a ozalantou ayewopo entenasyonal Hamid Karzai la nan Kaboul, Afghanistan, 28 Out, 2021.

Etazuni pwomet pou'l kontinye ede Ameriken ak Afghan ki vulnerab yo pati kite Kaboul "san gade deye" - malgre menase ki poze nan zon ayewopo a. Ye swa branch gwoup teworis Eta Islamik ki gen baz li nan peyi Afghanistan lanse yon fize sou ayewopo a.

Responsab milite Ameriken yo deklare lendi, yo pa gen okenn entansyon sispann sa yo dekri tankou" pi gwo pon ayeryen lame Amerikenn janm opere" - nan moman dat limit 31 Out la ap pwoche. Nap raple Prezidan Joe Biden te fikse dat sa a kom dat limit pou twoup Ameriken pati kite peyi Afghanistan.

Yon avyon Fos Ayeryenn Ameriken C-17 Globemaster III sou pis aterisaj ayewopo entenasyonal Hamid Karzai la nan Kaboul, Afghanistan, 28 Out, 2021.
Yon avyon Fos Ayeryenn Ameriken C-17 Globemaster III sou pis aterisaj ayewopo entenasyonal Hamid Karzai la nan Kaboul, Afghanistan, 28 Out, 2021.


Mezon Blanch ak Pantagonn nan di gen yon afe de 116,700 moun - pami yo 5,000 Ameriken - gen tan pati kite Afghanistan depi Taleban an pran kontwol peyi sa a nan komansman mwad Out la.

Responsab yo di gen yon lot 1,200 moun ki kite peyi a abo 26 vol milite Ameriken ak 2 avyon kowalisyon an pandan 24 he ki pase yo.

Otorite yo di tou, vol pi resan yo pat kanpe ditou malgre atak ak fize teworis yo lanse kont ayewopo a nan nuit la.

Responsab Depatman Defans Etazuni di militan yo lanse omwens 5 fuze sou ayewopo a.

XS
SM
MD
LG