Accessibility links

Breaking News

L' ONU Gen Kè Sote pou Sivil nan Zòn Idlib ki Anba Kontwòl Fòs Lame Siryen yo ak Larisi

Manm lame Siri ak fòs ris yo ki poste pandan vizit prezidan ris la, Vladimir Putin akonpaye ak Prezidan Siri a Bashar al-Assad, nan travèse lès la nan pwovens Idlib, 20 our 2018 la. (Foto: AFP/ George OURFALIAN)

Anvwaye l ONU pou Siri, Staffan de Mistura avèti jedi 30 out 2018 la ke gen yon "tanpèt pafè" kap pare nan nòdwès Siri pandan li eksprime kè-sote sitou pou sivil kap viv nan zòn Idlib kote fòs Siri yo Larisi apiye ka lanse yon ofansiv pou netwaye dènye moso teritwa enpòtan ki anba kontwòl opozisyon an.

Gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la fè konnen li gen plan chase militan ki nan liy atak Nusra a. Gen plis frap aeryen ak bonbadman ki fèt mwa sa a, kote moun pè pou pa gen yon ofansiv total menm jan ak sa k te fèt avan nan Alepp ak Ghouta ès.

.

XS
SM
MD
LG