Accessibility links

Breaking News

'Succession' ap Mennen Nominasyon pou pri Emmy, 'Squid Game' Ladann tou


Foto sa a ke HBO pibliye montre Brian Cox nan yon sen seri televize "Succession". (HBO via AP)
Foto sa a ke HBO pibliye montre Brian Cox nan yon sen seri televize "Succession". (HBO via AP)

Seri televize "Succession" ranpote 25 nominasyon pou pri Emmy Madi. Dram nan, ki se yon satir sou moun rich ki san fwa ni lwa gen yon rival etranje! Nap pale de "Squid Game" premye seri televize ki pa nan lang Angle ki janm ranpote nominasyon pou pi gwo pri nan domen televizyon Ozetazini.

"Squid Game" se yon dram ki tounen nan Kore di Sid kote moun katye defavorize yo patisipe nan yon seri jwet pou timoun brital. Li ranpote nominasyon nan kategori meye dram nan epi 13 lot nominasyon. Seremoni remiz pri a pral dewoule nan mwad Septanm nan.

Lee Jung-jae (mitan) nan yon sen seri televize popile Koreyen "Squid Game" nan foto sa a ke Netflix pibliye. (Netflix via AP)
Lee Jung-jae (mitan) nan yon sen seri televize popile Koreyen "Squid Game" nan foto sa a ke Netflix pibliye. (Netflix via AP)

"Succession" ranpote pri pou meye dram ak 8 lot pri nan seremoni Emmy ane 2020 an.

Seri televize sa a te konn dominen rezo televizyon Ameriken yo epi apre sa li te pase sou stasyon kab yo, men popilarite sevis streaming yo komanse chanje ekilib pouvwa a.

Seremoni remiz pri Emmy yo pral difize sou chen televizyon NBC, 12 Septanm. Yo pral stream li an menm tan sou rezo Peacock la.

XS
SM
MD
LG