Accessibility links

Breaking News

SpaceX Mennen Yon Nouvo Ekip Astwonot nan Stasyon Spasyal Entenasyonal la


Foto la NASA sa a montre ekipaj Expedition 66 la, apre nouvo manm ekip SpaceX yo te rive nan Stasyon Spasyal Entenasyonal la, 11 Nov. 2021.
Foto la NASA sa a montre ekipaj Expedition 66 la, apre nouvo manm ekip SpaceX yo te rive nan Stasyon Spasyal Entenasyonal la, 11 Nov. 2021.

Yon navèt spasyal SpaceX transpote 4 astwonot nan Stasyon Spasyal Entenasyonal la, kote yo pral rete jiska sezon prentan ane 2022.

Vwayaj la te pran 21 hè soti depi Stasyon Spasyal Kennedy la NASA a nan eta Florid, pou rive nan ISS la Jedi swa.

Foto sa a ke la NASA pibliye montre Dragon SpaceX la ap kole ko'l sou Stasyon Spasyal Entenasyonal la, Jedi 11 Nov. 2021.
Foto sa a ke la NASA pibliye montre Dragon SpaceX la ap kole ko'l sou Stasyon Spasyal Entenasyonal la, Jedi 11 Nov. 2021.


Astronot yo te chaje emosyon lè yo te fè k wè stasyon an a yon distans 20 miles konsa. Yo dekri'l tankou yon "bèl imaj chaje ak glwa".

Komite akèy stasyon spasyal la te gen 3 astwonot ladann olye 7 jan yo konn fè sa d'abitid. Poukisa? Eben se paske SpaceX te mennen 4 astwonot tounen sou planèt tè a Lendi, apre lansman ranplasan yo te ranvwaye plizyè fwa.

XS
SM
MD
LG