Accessibility links

Breaking News

Soudan: Popilasyon an Ap Mande yon Konsèy Sivil nan Tèt Peyi a Olye De yon Konsèy Militè


Militè soudanè ak pèp la ki nan lari Soudan ap selebre depa prezidan Omar al-Bashir ke militè yo ranvèse sou pouvwa a. 12 avril 2019 Foto: REUTERS/Stringer
Militè soudanè ak pèp la ki nan lari Soudan ap selebre depa prezidan Omar al-Bashir ke militè yo ranvèse sou pouvwa a. 12 avril 2019 Foto: REUTERS/Stringer

Òganizatè manifestasyon nan peyi Soudan fè konnen militè te chache kraze sit in ki tap fèt depi plizyè jou devan katye jeneral lame a nan kapital la Khartoum, men ke yo rive nan moman kote yo te kite sa.

Maniifestan yo fè konnen militè yo te chache gaye sit-in nan yon lòt fwa ankò lendi 15 avril 2019 la, men ke yo pat ka avanse akoz militan yo ki te kenbe men pou fòme yon chèn e ansèkle sit-in nan.

Lidè yo nan pwotestasyon an mande ankò pou kraze nouvo konsèy militè ki pran pouvwa a e mete nan plas li yon konsèy sivil, apre kou deta militè ki te kapote Prezidan Omar al-Bashir semèn pase a.

XS
SM
MD
LG