Accessibility links

Breaking News

Prezidan peyi Soudan an Pran yon Dekrè pou Sispann Tout Negosyasyon ak Lèzetazini


Prezidan peyi Soudan an, Omar Hassan al-Bashir, pandan li tap pale ak laprès nan palè Khartoum, Soudan, 2 mas 2017.
Prezidan peyi Soudan an, Omar Hassan al-Bashir, pandan li tap pale ak laprès nan palè Khartoum, Soudan, 2 mas 2017.

Prezidan peyi Soudan an, Omar al-Bashir, ap sispann tout negosyasyon ak Etazini apre Prezidan Donald Trump fin ranvwaye pou 3 mwa ankò yon desizyon final sou kesyon pou konnen si lap leve nèt sanksyon ki sou do Soudan an dapre medya leta nan peyi sa a.

Ajans nouvèl ofisyèl SUNA pibliye dekrè prezidansyèl ke Prezidan Bashir pran pou anonse desizyon an.

Ansyen prezidan Barack Obama te siyen yon dekrè anvan li te kite Mezon Blanch nan mwa Janvye pase a, kote li te leve pwovizwaman kèk sanksyon ki te sou nasyon Afrik santral la pou 6 mwa. Delè pou desizyon an vin tounen pèmanan, te fèk rive nan bout li.

XS
SM
MD
LG