Accessibility links

Breaking News

Somè G8 la ap Kontinye Nan Lafrans

Somè G8 la nan Lafrans
Somè G8 la nan Lafrans

Somè gwoup G-8 la ap dewoule nòmalman nan Lafrans, kote lidè peyi ki pi rich sou planèt la ap diskute sou yon seri kesyon mondyal, pami mouvman rebelyon ki dekrete nan Mwayen-Noryan ak Afrik Dinò a.

Prezidan Etazini an, Barack Obama , ap itilize rankont sila a pou l relanse apèl pou asistans entènasyonal anfavè peyi nan rejyon an k ap chache adopte refòm politik e ekonomik.

Youn nan konseye ekonomik lidè ameriken an, David Lipton, deklare bay laprès vandredi 27 me 2001 la ke Lèzétazini konsidere diskisyon sou Mwayen-Noryan ak Afrik Dinò, kòm dosye ki pi enpòtan li dwe rezoud pandan somè a.

Li kontinye pou l di gwoup G-8 la pral kòmanse chita-pale sou kesyon an pandan yon dine nan sware a, anvan yo rankontre ak premye minis Ejipt ak Tunizi epi sekrete jeneral lig arab la.

This item is part of
XS
SM
MD
LG