Accessibility links

Breaking News

Yon Atak ak Bonm nan Kapital Peyi Somali Touye 6 Moun pou Pipiti

Sekouris kap pote yon nonm ki te blese nan yon atak ak bonm kote yon kòmando suisid te itilize yon machin pyeje pou l te touye plizyè moun nan Mogadisio, Somali Lendi 13 mas 2017 la. (Foto: AP/Farah Abdi Warsameh)

Gwoup militan al-Shabab revandike responsablite pou 2 atak ak oto pyeje nan Mogadisio lendi 13 mas 2017 la kote 6 moun pèdi lavi yo.

Temwen fè konnen premye bonm nan sote devan otèl Wehliye, yon etablisman ki gen anpil aktivite sou wout Maka-al-Mukarama. Anpil otorite nan gouvènman an, òm dafè ak kliyan ki soti nan diaspora a frekante otè Wehliye a prèske chak jou.

2èm eksplozyon an te vize yon baz militè nan kapital Somali a. Li touye yon moun.

XS
SM
MD
LG