Sòlda libyen ak rebèl yo ap goumen pou kontwòl fwontyè peyi a pataje ak Tunizi , pandan fòs ki rete fidel anvè lidè libyen an Moammar Kadafi kontinye ap lanse atak kont Misrata.
Temwen fè konnen fòs gouvènmantal yo te eseye reprann rejyon Wazin ke rebèl yo te pran semèn ki sot pase la a .
Ajans nouvèl Associated Press rapòte lanmò 10 nan afwontman yo . Responsab tunizyen yo di plizyè milye libyen kouri kite Libi pou antre nan Tunizi nan jou ki sot pase la yo.