Accessibility links

Breaking News

Dwa Moun sou Lagraba ann Ayiti Dapre Kèk Lidè Lokal Dwa Zimen


Manifesatan kap mande anket sou dilapidasyon fon Petro Caribe a ki kanpe sou monte sou moniman Anperè Jean-Jacques Dessalines, nan Pòtoprens.
Manifesatan kap mande anket sou dilapidasyon fon Petro Caribe a ki kanpe sou monte sou moniman Anperè Jean-Jacques Dessalines, nan Pòtoprens.

Dwa moun anba atak tou kalite e tout patou dapre deklarasyon Sekretè Jeneral Nasyon Zini an António Guterres, nan yon mesaj li delivre nan okasyon selebrasyon 70èm anivèsè dekarasyon inivèsèl dwa moun nan lemond. Alatè l ONU an di, " Se responsabilite nou tout pou n defann dwa moun."

Nasyon Zini Rann Omaj a Tout Moun Kap Devan Dwa Moun nan Lemond
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:17 0:00

Bò kote pa kèk responsab òganizasyon dwa zimen ann Ayiti, sitiyazyon dwa moun nan trè tris nan peyi a. Marie Yolène Gilles, responsab fondasyon Je Klere, fè konnen militan kap defann dwa moun ann Ayiti ap travay anba gwo menas. Madam Gilles di li bouke mache nan DCPJ ki se direksyon santral polis jidisyè a, yon ògann enstitisyon polis la ki la pou fè ankèt. Li ajoute, pou l di, "Mwen bouke mache nan tribinal" Reponsab òganizasyon dwa moun nan pale konsa pou l dekri sitiyasyon dwa zimen an nan peyi a.

Pou dirijan RNDDH la, Pierre Esperance, sitiaysyon dwa moun nan trè kritik; peyi a lwen toujou; okotrè, nou fè bak olye nou avanse nan sans sa a.

Prezidan peyi a Jovenel Moise ki te pran lapawòl nan okasyon selebrasyon 70èm anivèsè deklarasyon inivèsèl dwa moun nan nan Pòtoprens di li rekonèt gen efò ki dwe fèt pou respekte dwa tout moun nan peyi a. Prezidan Moise reyitere devouman ak detèminasyon gouvènman li an pou garanti libète tout moun, elimine esklisyon sosyal yon fason pou tout moun ka viv tankou moun.

Nan okasyon selebrasyon 70èm anivèsè dwa moun nan, otorite ayisyèn yo, Prezidan Jovenel Moise, Premye minis Jean Henry Céant ak Prezidan Sena a Joseph Lambert rann omaj ak premye ambasadè ayisyen nan l ONU Emile Saint Lot, youn nan sinyatè dokiman sa a.

Prezidan gran Kò a Jospeh Lambert ki te pran lapwòl nan okazyon an fè yon apèl ak tout sitwayen pou denonse sak maspinay, ensekirite ak koripsyon nan peyi a.

Prezidan Sena a Gen yon Mesaj pou Nasyon Ayisyèn nan Okasyon Jounen Dwa Moun nan
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:41 0:00

XS
SM
MD
LG