Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Ameriken an ann Ayiti, Michel J. Sison, Envite Antreperenè nan Dyaspora a Enplike yo Plis nan Peyi Natal yo


Ambassadè Michele J. Sison, chèf misyon diplomatik Lèzetazini ann Ayiti.
Ambassadè Michele J. Sison, chèf misyon diplomatik Lèzetazini ann Ayiti.

Anbasadè Lèzetazini an ann Ayiti, Michele Sison, lanse yon apèl pou l mande manm dyaspora ayisyèn nan angaje yo plis nan sektè biznis la nan peyi natal yo. Jounalis Jacqueline Charles, ki ekri nan jounal Miami Herald, rapòte diplomat la, ki te pran lapawòl devan yon gwoup jenn pwofesyonèl nan Miami, deklare biznis nan peyi d Ayiti kapab pwofite de patwonaj pwofesyonèl sa yo ak konesans yo an tan ke antreprenè ki ranpòte siksè. Anbasadè Sison di jenn pwofesyonèl sa yo:

<< Yo bezwen èd nou, konsèy nou, yon fason pou yo voye antreperiz yo monte nan pwochen nivo a. Ansanm, nou reprezante yon fòs solid ki kapab ede nan fòmasyon patenarya Ayisyano-Ameriken an nan ane k ap vini yo. Nou ta renmen travay ann asoye ak Ayiti nan efò sa a. >>

Chèf misyon diplomatik Lèzetazini an ann Ayiti pale konsa samdi 15 septanm 2018 la pandan li t ap pwononse diskou prensipal la nan seremoni remiz distenksyon Chanm Komès Ayisyano-Ameriken Florid la òganize chak ane pou rekonpanse 20 Jenn Pwofesyonèl ki gen Mwens ke 40 tan.

Anbasadè Sison te patisipe nan seremoni sa a nan moman manm Chanm Depite Ayisyen yo nan Pòtoprens te reyini pou seyans ratifikasyon Premye Minis Jean Henry Céant, ki gen 61 lane, ak 18 manm kabinè ministeryèl li a. Byen bonè nan kòmansman jounen samdi a, aprè yon seyans maraton ki te dire preske 16 zèdtan, Sena a te vote 21 POU, 5 KONT ak 2 abstansyon pou li apwouve nominasyon Misye Séant.

Korespondan nou nan Pòtoprens, Renan Toussaint, fè nou konnen pandan jounen lendi ak madi 17 ak 18 septanm nan, sa k te domine aktyalite a nan kapital la, sete divès seremoni enstalasyon ki dewoule pou make antre an fonksyon minis ak sekretè deta ki fòme nouvo kabinè a.

XS
SM
MD
LG