Accessibility links

Breaking News

Nan Peyi Siri, yon Seselfe ant Gouvènman an ak Rebèl yo ap Antre ann Aplikasyon Vandredi 30 Desanm 2016 la


Yon ti siryen sou bisiklèt li nan vilaj al-Rai, nan pati nò vil Alèp, Siri, madi 27 desanm 2016. (Foto: REUTERS/Khalil Ashawi-RTX2WMY5).
Yon ti siryen sou bisiklèt li nan vilaj al-Rai, nan pati nò vil Alèp, Siri, madi 27 desanm 2016. (Foto: REUTERS/Khalil Ashawi-RTX2WMY5).

Seselfe sa a vini aprè Annkara, Moskou ak Damas te anonse yo pare pou yo ankouraje yon akò ki ta ka mete yon kanpo nan yon gè sivil ki la depi preske 6 zan.

Nan peyi Siri, gouvènman an ak plizyè gwoup rebèl mete yo dakò pou yo obsève yon seselfe a travè tout tèritwa nasyonal la a pati de vandredi 30 desanm 2016 la. Menm jan ak akò seselfe pati konsène yo te siyen nan le pase, antant sa a konsène lame siryèn nan ak konbatan pati opozisyon yo; men li pa kouvri kèk nan militan gwoup islamik yo.

Peyi Larisi, ki apiye rejim Prezidan Bashar al-Assad la nan Damas --ak peyi Tiki, ki apiye gwoup rebèl yo, fè konnen yo pare pou yo garanti aplikasyon seselfe sa a.

Prezidan ris la, Vladimir Putin (mitan), Minis Afè Etranjè a, Sergei Lavrov (agoch) ak Minis Defans la, Sergei Shoigu nan yon rankont nan Kremlen an nan Moskou, jedi 29 desanm 2016 la.
Prezidan ris la, Vladimir Putin (mitan), Minis Afè Etranjè a, Sergei Lavrov (agoch) ak Minis Defans la, Sergei Shoigu nan yon rankont nan Kremlen an nan Moskou, jedi 29 desanm 2016 la.

Antant sa a vini aprè Annkara, Moskou ak Damas te anonse semèn pase a yo pare pou yo mete sou pye yon akò ki ta ka mete yon kanpo nan yon gè sivil ki la depi 6 zan deja. Si seselfe a kenbe, li ka debouche sou relans negosyasyon lapè yo ki fikse pou mwa pwochen an nan vil Astana, kapital peyi Kazakstan.

Prezidan Larisi a, Vladimir Putin ki tap abòde dosye a jedi deklare:

“Plan lapè sa a rete frajil anpil; sepandan li jwenn apui ni gouvènman siryen an, ni prensipal gwoup rebèl nan opozisyon an, e se yon bagay ki enpòtan anpil.”

Reyaksyon sou Seselfe a nan Siri

Gen anpil bagay ki poko klè toujou konsènen seselfe ki ta dwe antre an aplikasyon vandredi a sou tout etandi tèritwa Siryen an. Yon nouvèl, ki raple gwo wòl Larisi te jwe nan preparasoyn seselfe sa a, fè konnen enplikasyon peyi Tiki se yon gwo faktè tou dapre sa diplomat oksidantal yo panse, menmsi Moskou, Annkara ak Damas pa t envite yo nan preparasyon antant la.

Menm sous la fè konnen otorite yo nan Tiki gen mwayen pou yo sere boulon nenpòt ki gwoup rebèl oubyen milis ki ta oze vyole akò seselfe a; paske Annkara gen posiblite pou l bloke sikilasyon tout zam kap travèse fwontyè a pou al jwenn gwoup sa yo. Koalisyon Nasyonal Siryen an, ki se prensipal gwoup opozisyon an, pwomèt pou l respekte antant la; men li pare pou l koresponn ak tout militan ki ta vyole seselfe a.

XS
SM
MD
LG