Accessibility links

Breaking News

Siri: Opozisyon an Fòme yon Kowalisyon pou Ranvèse Gouvènman Prezidan al-Assad la


Siri: Opozisyon an Fòme yon Kowalisyon pou Ranvèse Gouvènman Prezidan al-Assad la
Siri: Opozisyon an Fòme yon Kowalisyon pou Ranvèse Gouvènman Prezidan al-Assad la

Prensipal gwoup opozisyon peyi Siri yo mete ansanm pou yo fòme yon Konsèy Nasyonal Elaji avèk misyon pou yo ini efò y ap fè pou yo ranvèse gouvènman Prezidan Bashar al-Assad la. Gwoup sa yo akize rejim Assad la deske li mete peyi a nan bouch yon gè sivil.

Pèsonalite ki anonse fòmasyon kowalisyon opozisyon an, se Bourhan Ghaloun, pandan li te pran lapawòl nan vil Istanboul, nan peyi Tiki. Misye Ghaloun pale de kondisyon konsèy la poze pou yon fòs entènasyonal ta entèveni pou eseye chanje sitiyasyon an nan Siri.

Li di :

"Tout fòm entèvansyon dwe fèt avèk konsantman Konsèy Nasyonal ki fòme jodiya. Nan ka sa a, nou pral kowopere ak yon fòs entènasyonal. Nou pap aksepte okenn entèvansyon andeyò yon antant avèk Sonsèy Nasyonal la, ki reprezante prensipal fòs ki la pou libere Siri anba rejim kraze zo sa a."

XS
SM
MD
LG