Accessibility links

Breaking News

Siri: Menas Gran Puissans Ewopeyen yo pou yo Entwodwi Plis Sanksyon sou Siri


Siri: Menas Gran Puissans Ewopeyen yo pou yo Entwodwi Plis Sanksyon sou Siri
Siri: Menas Gran Puissans Ewopeyen yo pou yo Entwodwi Plis Sanksyon sou Siri

Yon gwoup gran puisans ewopeyen entwodui yon nouvo rezolisyon preliminè nan Nasyonzini ki menase pou pran nouvo sanksyon kont Siri, si fòs sekirite siryen yo pa kanpe sou operasyon militè y ap men-nen kont popilasyon sivil la.

Rezolusyon preliminè sa a ki pote siyati Grann Bretay, Lafrans , Lalmay ak Pòtugal ke yo devwale madi 27 septanm 2011 la abandone yon premye pwopozisyon ki te egzije sanksyon imedya kont prezidan siryen an , Bashar Al-Assad.

Nouvo rezolisyon an vize kraze enpass ki genyen kounye a nan konsèy sekirite Lonu a, e diplomat yo fè konnen yo pral etidye vèsyon revize a e se posib pou yo vote sou mezi a disi fen semèn sa a.

Pandanstan, twoup siryen ki gen apui tank ak elikoptè konba, touye omwen 8 moun nan kèk desant-de-lye ki vize fann fwa dèzètè nan lame Siri a k ap reponn kif-kif apre plizyè mwa pwotestasyon pasifik kont mesye Assad.

XS
SM
MD
LG