Accessibility links

Breaking News

Yon Oganizasyon Entènasyonal Dwa Moun ki Base ann Angletè Fè Konnen Group Teyoris Eta Islamik la Asasine 33 Moun nan Siri


Yon militan gwoup teyoris Eta Islamik la ki gen zam li sou zepòl li a drapo li nan yon men.
Yon militan gwoup teyoris Eta Islamik la ki gen zam li sou zepòl li a drapo li nan yon men.

Obsèvatwa siryen pou dwa moun, ki baze nan Grann Bretay, fè konnen gwoup ekstremis Eta Islamik la egzekite 33 moun nan kòmansman mwa davril la. Oganizasyon dwa zimen an di se premye masak militan yo komèt depi ane 2017 la kòmanse.

Responsab obsèvatwa a presize asasinay sa yo dewoule nan rejyon Deir Ezzor, ki nan pati lès peyi Siri mèkredi 5 avril 2017 la. Gwoup dwa moun nan fè konnen aktivis li yo te temwen egzekisyon yo.

Sepandan, pesonn pa konnen si moun teyoris yo touye yo, se konbatan ki tap patisipe nan gè sivil kap ravaje nasyon arab la depi 6 zan an, oubyen, si se te sivil yo te arete, e ki resevwa yon santans lanmò.

XS
SM
MD
LG