Etazini akize gouvènman Siri a kòmkwa li ta ap touye yon pakèt prizonye chak jou e boule kadav yo nan yon “incinérateur” toupre kapital la, Damas.
Depatman Deta Ameriken an fè konnen gouvènman Siri a pann yon afè 50 prizonye pa jou nan prizon Saydnaya. Etazini ajoute ke rejim Prezidan Bashar al-Assad la sèvi tou ak "Incinerateur" a pou kache prèv ki ka moutre ki kantite prizonye ke li touye chak jou.
Prensipal diplomat Etazini pou Mwayen Oryan an, Stuart Jones, fè konnen rejim Damas la "desann nan yon nivo pi ba kounye a" ak asistans bò kote Larisi ak Iran, 2 peyi ki sipòte gè gouvènman Assad-la depi 6 lane kont divès gwoup rebel kap chache kapote l.