Nan Siri, otorite yo arete yon pèsonalite trè popilè nan opozisyon an, Makmoud Issa, kèk èd tan aprè gouvènman an te fè parèt yon arete ki leve yon eta-dijans ki te an vigè nan peyi a depi prèske 50 tan.
Militan dwazimen fè konnen lapolis te ale lakay misye Issa, nan vil Homs, ki nan pati santral Siri, byen ta madi 19 avril 2011 la, e yo pati ak misye.
Anvan sa nan jounen an, otorite nan gouvènman an te pase yon arète ki mete fen nan eta-dijans la, elimine yon tribinal sekirite ki te konn jije prizonye politik yo, epi yo fè parèt yon lwa ki egzije moun gen otorizasyon pou yo fè manifestasyon.
Isit Washington, yon pòtpawòl Depatman Deta a, Mark Toner, fè konnen Lèzetazini gen gwo preokipasyon devan sitiyasyon k ap evolye nan Siri a, kote sanble otorite yo elimine yon lwa gwo ponyèt pou yo ranplase l pa yon lòt lwa gwo ponyèt.