Accessibility links

Breaking News

Siri-Politik: 60 Otobis Pare pou Evakye Rebèl ak Sivil ki Rete toujou nan Vil Alèp


Yon ti Siryen yo te evakye nan vil Alèp pandan seselfe a. (Foto: 20 desanm 2016).
Yon ti Siryen yo te evakye nan vil Alèp pandan seselfe a. (Foto: 20 desanm 2016).

Dènye evakyasyon rebel ak sivil nan nò vil Alèp rekòmanse apre yon reta yon jou. Yon otorite nan Siri di ajans nouvèl Reuters: “Genyen plis otobis ki pral kite pati lès vil Alèp.”

Obsèvatwa Siryen pou Dwamoun, ki baze nan Grand Bretay, fè konnen 60 otobis pare pou evakye 3 mil moun kap sòti nan lès Alèp nan yon tanperati glase; Se ta dwe dènye etap yon operasyon pou pèmèt rebèl yo kite Alèp ke yo te sezi sa gen 4 lane.

Otobis ki pare pou travèse vil Ramouseh to pre lès vil Alèp zòn ki anba syèj yo. (Foto:18 desanm 2016).
Otobis ki pare pou travèse vil Ramouseh to pre lès vil Alèp zòn ki anba syèj yo. (Foto:18 desanm 2016).

Lè evakyasyon an va fini nèt nan nò Alèp, Prezidan siryen an Bashar al-Assad ap pran kontwol total zòn nan e se pral yon gwo evolisyon nan gè sivil la ki la depi prèske 6 lane.

" Plis pase 37 mil moun deja kite Alèp, e objektif la a sete fè dènye moun ki rete nan vil la deplase nan jounen mèkredi 21 desanm 2016 la pou pita," dapre Minis Afè Etranjè Tirk la, Mevlut Cavusoglu, ki pale konsa madi 20 desanm nan sou rezo sosyal Twitter.

Apre yon reyinyon ki te dewoule nan Moskou ant Minis Afè Etranjè peyi Larisi, Tirki ak Iran, Chèf Diplomasi ris la, Sergey Lavrov, di laprès 3 peyi yo te sèvi ak enfliyans yo pou fòse evakyasyon an fèt, e yo reprezante kounye a prensipal pwisans kap jere konfli Siri.

Minis afè etranjè yo, ki te diskite sou avni Siri, dakò pou yo garanti chita-koze lapè yo e laji kad seselfe a nan tout Siri; men moun pa ka konnen davans si gwoup militan Eta Islamik la, Fwon Fatah al-Sham ak gwoup militan Hezbollah pral patisipe nan efò sa yo.

XS
SM
MD
LG