Nasyonzini fè konnen omwen 2 600 moun pèdi lavi yo nan Siri pandan soulèvman anti-gouvènmantal ki gaye nan peyi a depi mitan mwa mas pase a.
Wo komisè L ONU pou dwa moun nan Navi Pillay pibliye chif sa a nan yon diskou li pwononse devan konsèy dwa moun òganizasyon mondyal la nan jounen 12 septanm 2011 la.
Chif sa a reprezante yon kokenn ogmantasyon depi mwa out ki sot pase a, kote L ONU te anonse lanmò 2200 kretyen vivan ki peri nan operasyon sere boulon rejim Prezidan Bashar Al-Assad la lanse kont disidan siryen k ap egzije demisyon l sou pouvwa a.
Bo kote pa l, yon èd-de-kan lidè siryen an pat pèdi tan pou l kontrekare kantite ka moun mouri L ONU bay la. Dapre èd-de-kan prezidansyèl Bouthaina Shaaban, se sèlman 1400 moun ki mouri nan operasyon sere boulon gouvènmantal yo.
Li kontinye pou l di:
“Gen 700 moun ki peri nan kan gouvènman an e 700 lòt pèdi lavi yon an kan opozisyon an, kidonk, yon kantite egal-ego.”