Accessibility links

Breaking News

Siri: 228 Manm Pati Sou Pouvwa a Bay Demisyon yo


Siri: 228 Manm Pati Sou Pouvwa a Bay Demisyon yo
Siri: 228 Manm Pati Sou Pouvwa a Bay Demisyon yo

Nan peyi Siri, omwen 228 manm pati ki sou pouvwa a ---Pati Baas-la--- renmèt demisyon yo pou pwoteste kont operasyon sere-boulon mòtèl prezidan Bashar el-Assad ap aplike kont manifestan pwo-demokrasi yo.

Yon gwoup ki gen plis pase 200 manm pati a ki soti nan pwovens Deraa demisyone mèkredi 27 avril 2011 lakote yo siyale kolè yo devan atak sanglan fòs sekirite yo men-nen kont manifestan nan kèk rejyon toupre kapital la.

Nan vil kotyè Banias , yon lòt gwoup 28 manm pati a demisyone tou kote yo akize sòlda ak nèg ame gouvènman an dèske yo ouvè kout zam kont sitwayen « onorab » e kont kay, moske ak legliz.

Konsèy Sekirite Nasyonzini an pa reyisi jwenn yon anatnt pou soti yon deklarasyon pou kondane operasyon vyolan gouvènman'an.

Demach diplomatik ki vize mete fen nan zak vyolans yo ap kontinye vandredi 29 avril 2011 la lè Konsèy Dwazimen l’ONU an ap reyini pou yon sesyon espesyal sou dosye Lasiri a.

XS
SM
MD
LG