Accessibility links

Breaking News

Siri : Lame ap Pare pou l Lanse yon Operasyon nan Pati Lès Peyi a


Siri : Lame ap Pare pou l Lanse yon Operasyon nan Pati Lès Peyi a
Siri : Lame ap Pare pou l Lanse yon Operasyon nan Pati Lès Peyi a

Fòs sekirite yo nan Siri antoure yon vil ki tou prè fwontyè peyi a ak Irak nan moman opozisyon an franchi yon lòt etap sou wout pou l fòme yon gouvènman altènatif ki kapab reprezante yon defi dirèk pou rejim prezidan Bashar al-Assad la.

Yon afè de mil sòlda ke lame transpòte pa elikoptè e ki genyen apui tank ak machin blende, rasanble depi dimanch tou prè vil al-Boukmal, nan lès Siri, tou prè pati tèritwa irakyen an kote majorite popilasyon an se moun ras sinnit.

Jounal Al-Watan, ki an favè gouvènman al-Assad la, rapòte yon sitiyasyon ekspozif nan ti vil sa a kote moun yo ap viv nan lamizè, nan moman lame siryèn nan sanble li pare pou l lanse yon operasyon anvan lontan.

XS
SM
MD
LG