Nan peyi Siri, reprezantan opozisyon an mete fen nan yon reyinyon 2 jou nan Turki ak yon apèl kote yo mande Prezidan Bashar al-Assad pou l demisyonnen imedyatman.
300 delege yo lanse apèl la nan yon deklarasyon nan tèt kole ak fòs siryen yo ki te kontinye ap pilonnen bouk Rastan ki nan sant peyi a.
Militan yo fè konnen 15 moun pou pi piti pèdi lavi yo nan bonbadman fòs gouvènman yo.
Pèsonalite opozisyon yo ki te reyini nan bouk Antalya nan peyi Turki fè konnen yo deside fè tou sa k nesesè pou yo “jete” rejim Bashar al-Assad-la e kòmanse fè nouvo eleksyon pou mete fen nan rejim kote se yon sèl grenn moun ap deside tout bagay pou peyi a.
Nan menmm moman an, yon ti gwoup patizan gouvènman siryen an te rasanble toupre a, kote yo sèmante pou yo sipòte Mesye Assad.