Accessibility links

Breaking News

Siklòn Rina ap Avanse sou Amerik Santral ak Meksik


Siklòn Rina ap Avanse sou Amerik Santral ak Meksik
Siklòn Rina ap Avanse sou Amerik Santral ak Meksik

Siklòn Rina kontinye pran fòs nan pati lwès Karayib la. Espesyalis meteyo yo di li kapab tounen yon gwo kokenn tanpèt anvan fen jounen madi 25 oktòb la oubyen mèkredi.

Otorite nan Beliz ak Preskil Yucatan, o Meksik, resevwa konsèy pou yo swiv deplasman siklòn nan de prè.

Sant Nasyonal Ouragan Lèzetazini an ki baze nan Miami di Rina se yon siklòn kategori 2 kap pote avèk li van ki gen yon fòs 160 kilomèt alè.

XS
SM
MD
LG