Accessibility links

Breaking News

Siklòn Lisa Frape Belize, Febli


Imaj satelit NOAA montre tanpet twopikal Lisa nan zon Kiba nan lanme Karayib la, 1 Nov. 2022.
Imaj satelit NOAA montre tanpet twopikal Lisa nan zon Kiba nan lanme Karayib la, 1 Nov. 2022.

Siklòn Lisa febli pou'l tounen yon depresyon twopikal apre li frape Belize City, epi apre sa vanse pi plis sou peyi Beliz.

Sant Nasyonal Meteyowoloji an di Lisa pote ave'l van kap soufle ak yon vitès 95 kilomèt ale.

Episant siklòn nan te sitye ak yon distans 95 kilomet a lwès Belize Siti, e li tap deplase ak yon vitès 19 kilomèt ale.

Oganizasyon Nasyonal ki jere Ijans yo nan Belize di move tan an te frape an premye vil Dangriga, ki sitye bò lanmè epi Belize City.

XS
SM
MD
LG