Accessibility links

Breaking News

Kriz Politik la nan Kore Di Sid ap Vin Pi Grav


Manifestan nan Kore di Sid mete mask ki sanble ak Prezidan Park jeen-hye, pandan yon rasanbleman nan vil Seoul, Kore di sid, 2 nov, 2016.
Manifestan nan Kore di Sid mete mask ki sanble ak Prezidan Park jeen-hye, pandan yon rasanbleman nan vil Seoul, Kore di sid, 2 nov, 2016.

Prezidan Kore di Sid la, Park Geun-hye, nonmen yon ranplasan pou Premye Minis la ak 2 lòt gwo otorite mekredi 2 novanm 2016 la. Lidè opozisyon yo pwomèt pou yo bloke nominasyon sa yo paske, dapre yo, se yon tantativ pou detounen atansyon sou ankèt kap dewoule sou enfliyans yon zanmi prezidan an sanble te ekzèse pandan lontan sou pouvwa a.

Prezidan Park nonmen Kim Byong-joo, yon profesè nan Inivèsite Kookmin, kòm nouvo Premye Minis. Yon pòtpawòl Madam Park fè konnen Misye Kim se yon moun byen kalifye ki kapab rezoud divès pwoblèm peyi a ap konfwonte e li ka dirije yon kabinè solid pou avni Kore di Sid.

Lidè Pati Demokrat la, Woo Sang-ho, deklare: "Prezidan sid koreyen an ap eseye resoud kriz la avèk yon kabinè tou nèf ki gen ladan l moun ki san paspouki pandan lap revoke ofisyèl ki te sèvi sou administrasyon liberal la.”

XS
SM
MD
LG