Accessibility links

Breaking News

Nouvo Prezidan Kore di Sid la Pral Rankontre ak Otorite Chinwa yo pou Diskite sou Pwogram Nikleyè Kore di Nò a


Nouvo Prezidan Sid Koreyen an, Moon Jae-in, nan moman li tap pale nan telefòn ak Prezidan Chinwa a, Xi Jinping. Foto/REUTERS: koutwasi palè prezidansyèl Sewoul la yo rele Mezon Ble a. 11 me 2017.
Nouvo Prezidan Sid Koreyen an, Moon Jae-in, nan moman li tap pale nan telefòn ak Prezidan Chinwa a, Xi Jinping. Foto/REUTERS: koutwasi palè prezidansyèl Sewoul la yo rele Mezon Ble a. 11 me 2017.

Biwo nouvo Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in, fè konnen li gen plan pou l voye yon delegasyon nan Peken, pou diskite sou pwogram nikleyè Kore di Nò a e sou kè sote ki genyen konsènan yon sistèm defans kont misil Etazini ap deplwaye nan peyi li a.

Lidè sid koreyen an ak tokay chinwa li a, Chi Jenn-Ping, te pale nan telefòn yon jou apre Mesye Moon te prete sèman pou ranplase Park Geun-ye ki pèdi pòs li. Yon pòtpawol Mesye Moon fè konnen 2 prezidan yo rive antann yo sou yon "bi komen" ki se wete zam nikleyè sou Preskil Kore a. Mesye Moon di li konprann kè-sote Lachin pou sistèm defans ameriken an, ki rele an abreje THAAD. Peken konsidere THAAD a kòm yon menas e yon enfliyans etranje kap vin destabilize rejyonan.

Pou Lachin montre Sewoul kijan sa pa fè l plezi, li mete limit sou sikilasyon touris ak machandiz kap sòti nan Kore di Sid pou antre lakay li. Kore di Sid te travay ak Etazini pou devlope sistèm THAAD a kòm pwoteksyon kont yon atak misil ki ta soti nan Kore di Nò.

XS
SM
MD
LG