Accessibility links

Breaking News

Senatè Kelly C. Bastien Deklare Priyorite Ayiti Se pa Kreasyon Yon Fòs Defans


Fòmasyon yon Fòs Defans ki pra l ranplase Lame demobilize Ayiti a (ke) prezidan Michel Martelly anonse mwa pase a pa fè linanimite nan milye politik e sosyal la nan repiblik ayisyen an. Òm politik, ansyen militè demobilize, manm sektè prive ak yon bon pòsyon nan popilasyon sivil la ki pa viv an pè e ki fatige ak zak kidnaping, banditism ak ensekirite akeyi ak satisfaksyon, alawè menm san sipriz, anons chèf Leta a ki fè konnen dènyèman premye eleman Fòs Defans sa a pral patisipe 18 novanm kap vini an nan seremoni komemorasyon batay Vertières la, dènye batay desizif nan lagè endepandans Ayiti a an 1803.

Men se pa tout moun ki dakò ni ak lide ni ak desizyon misye Martelly a, menm pami sila ki jije Ayiti anba "okipasyon" ak prezans sou tèritwa ayisyen an Fòs Mentyen lapè ak Estabilizasyon l'Onu a (MINUSTAH) ki antre nan 7èm ane li nan peyi a. Santiman okipasyon an chita oubyen ap dòmi nan kè anpil nèg Dayiti (senatè, depite, politisyen, sitwayen òdinè nan sosyete a, entelektyèl, elatriye) ki panse li lè pou twoup yo boukle misyon an e kite tèritwa ayisyen an.

Si vwa ka p mande pou Minustah ale yo, vinn pifò depi eskandal Port-Salut a ak maladi kolera laklamè piblik lage sou yon kontenjan twoup Nasyonzini yo---akizasyon Minustah ak l'Onu demanti---genyen zòt ki di l'Onu pa ta dwe retire militè li yo san pa genyen yon kò pou konble vid lap kite a. Agiman an: kilès ki pral kore polis nasyonal la ou ede nan evakye moun si genyen dezòd ou si yon dezas natirèl frape peyi a ?

Se opinyon prezidan Michel Martelly ki, nan prentan 2011 lan te fè kanpay pou retrè twoup Minustah yo nan peyi Dayiti, lè li te kandida alaprezidans.

Nan yon diskou devan 66èm Asanble Jeneral Nasyonzini an nan fen mwa Septanm nan nan Nouyòk, misye Martelly te di "li tap iresponsab" pou mande Minustah kite Ayiti tousuit. Retrè wi, men pa nenpòt ki jan, li di.

E 3 jou apre, lè prezidan an retounen nan peyi li, li anonse nan yon deklarasyon kreasyon yon Fòs Defans---yon pwosesis ki pral dewoule etap pa etap, "ti pa, ti pa" e ka p layite sou plizyè ane.

Anons kreasyon fòs sa a, sepandan, bay militan dwazimen yo kè sote. Menm jan li kreye apreyansyon kay ayisyen ki konnen ki kalte vyolasyon dwa moun grav, zak maspinay, disparisyon, eliminasyon fizik ansyen manm Fòs Zame Dayiti te komèt sou konpatriyòt yo e te responsab nan peyi a, san bliye enplikasyon yo / tikrik-tikrak / nan zafè politik nasyon an---yon wòl konstitisyon an pa ba yo.

Sila ki anfavè lide retablisman Lame a di avèk bon fòmasyon, bon ankadreman, li ka ede nan tach sosyal e pote apwi lojistik, gras ak mwayen li va dispoze, pou ede lè genyen pwoblem tankou inondasyon, deboulman tè, tranbleman'ntè, evakyasyon sivil sizoka dezas, ankadre peyizan yo e menm sèvi kòm ajan devlopman, elatriye.

Konsa tou, genyen sitwayen kap mande konbyen Fòs Defans sa a pra l koute pèp ayisyen. Konbyen lajan sa pral koute pou ekipe kò sa a e peye manm li yo--- lajan ni Leta ni kontribyab ayisyen yo pa posede, yo di.

Youn pami moun ki genyen apreansyon sa a, se Dr. Kelly C. Bastien ansyen prezidan Sena ayisyen an ki deklare proyorite Ayiti, kounye-a, se pa yon Fòs Defans. Li eksplike pozisyon li nan yon deklarasyon korespondan nou Yvan Martin Jasmin ap rapòte sou ralonj ki anwo, adwat paj-web la.

NB: Fè yon klik sou ikòn nap jwen nan direksyon endike a pou ou koute misye Bastien.

XS
SM
MD
LG