Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Reprann Travay Apre 1 An Enstabilite


Foto Achiv: Yon polisye kanpe devan antre chanm Sena a ki dezete apre un nan nan Potoprens, Ayiti, 22 Sept. 2021.
Foto Achiv: Yon polisye kanpe devan antre chanm Sena a ki dezete apre un nan nan Potoprens, Ayiti, 22 Sept. 2021.

Sena Ayisyen an rasanble pou premye fwa jodi Lendi 10 Janvye a ak prezans yon ti gwoup palmantè sèlman.

Mezi sa mete aksan sou pwoblèm ki egziste aktyèlman nan fonksyonman gouvènman an, nan moman preparasyon ap fèt pou eleksyon apre asasina Prezidan Jovenel Moise.

Sena a ki gen 30 manm, gen sèlman 10 senatè ki gen manda kouran paske peyi a pat janm resi oganize eleksyon lejislatif ki te sipoze fèt ann Oktòb 2019. Eleksyon sa yo te ranvwaye plizyè fwa.

Pami 10 senatè sa yo, gen sèlman 7 ki te reponn prezan Lendi lè Senatè Joseph Lambert te pwononse yon diskou. Li deklare fòk eleksyon fèt ane sa a pou restore lejitimite Ayiti. Li admèt tou ke li gen kè sote pati politik yo pap ka jwenn konsansis pou sa ka fèt.

Senatè Joseph Lambert di Manda l ap Fini 2èm Lendi 2023
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:18 0:00

XS
SM
MD
LG