Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Divize Sou Pwojè Kreyasyon Yon Nouvo Fòs Ame


Haitian Prime Minister Garry Conille talks to a reporter in Port-au-Prince (file photo)
Haitian Prime Minister Garry Conille talks to a reporter in Port-au-Prince (file photo)

Palmantè ki kont pwojè fòs ame a fè konnen gouvènman ayisyen an ta dwe itilize lajan leta a pou retire moun yo anba tant e pou rekonstwi peyi a. Senatè ki an favè pwojè a tankou prezidan asanble nasyonal la, senatè Rudolphe Joazile, fè konnen fòs ame sa a ta dwe sèvi pou devlopman ak rekonstriksyon peyi a, yon lame pou sèvi pèp ayisyen an.

Desizyon yon gwoup senatè ayisyen pran pou envite Premye Minis Garry Conille ansanm ak minis enteryè a, Thierry Mayard-Paul, vinn reponn kesyon palmantè yo sou pwojè pouvwa ekzekitif la genyen pou remobilize lame a pwovoke yon mezantant nan mitan blòk majoritè sena a.


Yon gwoup 6 senatè ki gen alatèt li Moïse Jean-Charles, pran inisyativ sa a nan moman prezidan Gran Kò a, senatè Rudolphe Joazile —yon ansyen kapitèn Fòs ame demobilize a, ak prezidan komisyon jistis la, senatè Yuouri Latortue —yon lòt ansyen ofisye lame a, kontinye fè chita pale avek prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, pou etidye ansanm pwosesis yo dwe suiv pou konkretize pwojè sa a.

Senatè Jean-Charles di Lavwadlamerik : “Premye Minis la ak minis enteryè a pa gen dwa pa reponn envitasyon mèkredi 26 oktòb la. Si yo fè sa, sena a pral konvoke yo fomèlman.” Sénatè Gwoup 16 la, fè konnen demach chef leta a kreye konfizyon nan mitan popilasyon an nan moman kote gen plizyè gwoup moun kap resevwa antrenman nan plizyè rejyon peyi a.

Sepandan gen kèk senatè blòk majoritè a ki fè konnen li twò bonè pou sena a kòmanse envite manm pouvwa ekzekitf la. Kabinè ministeryèl la pa ko finn enstalè. Minis yo pako konn dosye yo. Senatè Moïse Jean-Charles di li pran devan avan chef leta pibliye arete prezidansyèl ki pral remobilize lame Dayiti avan 18 novanm ki se fèt nasyonal ero Vertières yo.

Palmantè ki kont pwojè fòs ame a fè konnen gouvènman ayisyen an ta dwe itilize lajan leta a pou retire moun yo anba tant e pou rekonstwi peyi a.

Senatè ki an favè pwojè a tankou prezidan asanble nasyonal la, senatè Rudolphe Joazile, fè konnen fòs ame sa a ta dwe sèvi pou devlopman ak rekonstriksyon peyi a, yon lame pou sèvi pèp ayisyen an.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Senatè Moise Jean-Charles.

XS
SM
MD
LG