Accessibility links

Breaking News

Dezyèm Rankont Prezidan Sena Ayisyen an ak Chèf Leta a Sou Dosye Lame a


Prezidan Ayisyen an, Rudolphe Joazile, rankontre prezidan ayisyen an, Michel Joseph Martelly, pou yon dezyèm fwa sou kreyasyon yon fòs ame pou peyi Dayiti.

Palmantè a di Lavwdlamerik chita pale yo kontinye fèt sou wòl yon lame ak kèk obstak yo dwe kontounen pou konkretize pwojè sa a. Senatè a site kòm ekzanp pwoblèm bidjè ak anbago zam ki sou peyi a depi 1991.

Rudolphe Joazile ki se yon ansyen kad fòs lame Dayiti deklare :"Si mwen pa ta an favè yon fòs ame mwen ta nan manti. Mwen pou yon lame ki dwe jwe yon wòl nan devlopman, rebwazman ak suveyans fwontyè peyi a, ki pral sèvi pèp la."

Prezidan sena a te reyaji tou sou dosye depite Arnel Belizaire yo akize kòm kwa li ta ann afè avek lajis. Senatè Rudolphe Joazile deklare : “Depite a ta dwe kolabore avek pakè a. Mwen kwè, kelke swa sitwayen an, li dwe bay lajistis tout enfòmasyon l bezwen.”

Pou sa ki konsène demand pou leve iminite palmantè a, senatè a fè konnen se sèl minis jistis la ki gen dwa fè demach sa a bò kote chanm depite a. E, se sè asanble palmantè yo ki ka pran yon desizyon nan sans sa a.

Klike sou flèch ki anlè atik la pou w koute entèvyou Jean-Pierre Leroy ak Prezidan Sena ayisyen an.

XS
SM
MD
LG