Jedi 13 oktòb la, Sena ayisyen an genyen pou l resevwa Premye Minis ratifye a, Doktè Garry Conille, nan prezantasyon "enonse politik jeneral" li. Korespondan VOA Rotchild Francois Jr. di nou Prezidan Chanm Bas ayisyen an, Sorel Jacinthe, fè parèt yon kominike kote li konvoke depite yo nan yon sesyon kap dewoule demen vandredi 14 oktòb la pou yo tande tou Minis Conille prezante politik gouvènman li. Se dènye etap nan pwosesis kap debouche sou enstalasyon Misye Conille kòm nouvo chèf gouvènman an ann Ayiti.
NB: Fè yon klik sou ikon ki anwo, adwat paj web la pou n koute repòtaj Rotchild la.