Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon eksprime kè sote li akoz kantite sivil ki viktim nan konfli Libi a k ap kontinye ant konbatan rebèl yo ak sòlda ki lwayal anvè gouvènman an.
Nan yon deklarasyon ki parèt vandredi 12 out 2011 la, sekretè jeneral la lanse apèl pou l mande tout pati yo pou yo egzèse gwo prekosyon nan aksyon y ap poze yo; pou yo ka diminye kantite sivil k ap pèdi lavi yo.
Mesye Ban di tou yon seselfe ki makonnen ak yon pwosesis politik se sèl mwayen viab pou akonpli lapè nan Libi.
L OTAN te kòmanse lanse atak ayeryen kont Lidè libyen an, Moammar Khadafi nan mwa Màs pase a pou apiye rebèl libyen yo ki t ap batay depi nan mwa fevriye kont rejim gwo ponyèt 42 zan msye Khadafi a.