Sekretè jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, pale ak prezidan siryen an, Bashar el-Assad, pou di li kijan li menm, misye Ban, li gen kè sote akoz nouvèl ki fè konnen sòlda k ap defann gouvènman an itilize fòs ki depase limit kont sitwayen yo epi yo kontinye komèt vyolasyon dwa moun anpil kote e pa bann e pa pakèt.
Mèkredi 17 out la, misye Ban te pale nan telefòn ak misye Assad ki di operasyon lame ak lapolis t ap mennen an, kanpe. Daprè yon pòt-pawòl Nasyonzini, sekretè jeneral la lanse apèl pou l mande yon ankèt endepandan sou zak vyolans yo e an menm tan pou Siri kowopere ak yon biwo l’ONU ki okipe zafè kesyon dwa moun.