Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral LONU an Komemore 5e Anivèsè Tranblemanntè Ayiti a


Sekretè Jeneral LONU an Ban Ki-moon
Sekretè Jeneral LONU an Ban Ki-moon

Yon nòt pou laprès ki soti nan Biwo Sekretè Jeneral Nasyon Zini an Ban Ki-moon:

Jounen jodi-a make 5èm anivèsè goudou-goudou a ann Ayiti e nou rann omaj pou plis pase 200-mil viktim, pami yo 102 manm pèsonèl Nasyon Zini, ki te peri nan evènman trajik sa a.

Mwen sonje tankou sete jodi a devastasyon ak soufrans ke m te wè devan je m apre katastwòf la. Doulè a rete fre nan lespri nou. Jounen jodi a, nou onore memwa pitit fi nou ak pitit gason nou, papa nou ak manman nou, ak lòt moun ki te chè pou nou ki te pèdi lavi yo. Nou bese tèt-nou tou devan moun sa-yo ki te siviv e ki te moutre yon kouraj ak yon detèminasyon ki se yon sous enspirasyon pou mond-la.

Semèn pase-a, nou te gen onè devwale yon moniman pou kolèg-nou-yo nan Nasyon Zini ki te tonbe nan jou terib sa-a. Jounen jodi-a, mwen mande nou tout mete ansanm pou-n selebre lavi moun sa-yo ak kontribisyon ke yo te pote nan peyi Dayiti e nan pèp-li. Nou gen yon rekonsesans etènel pou sakrifis ke yo te fè.

Nan doulè-nou-an, gen yon pwomès lespwa. Ane pase, mwen te retounen ann Ayiti e m-te wè pwogrè ki fèt. Mwen voye yon kout chapo bay pèp ayisyen-an pou pèseverans-li e mwen ekzòte kominote entènasyonal-la pou-l kontinye bay sipò-li ki pa gen pri, pou byennèt ak avni tout Ayisyen.

Efò pou Ayiti rekanpe sou pye-l pa fasil. Te gen – e ap gen ankò – blokaj toutotan travay-la ap fèt, e gen anpil travay ki rete pou fèt toujou pou asire stabilite sistèm politik-la ak enstitisyon-yo, gouvènans demokratik ak devlopman dirab.

Sepandan, an nou pran jodi-a kòm yon jou souvni ak yon jou espwa pou yon Ayiti stab e pwospè. Ansanm an nou fè tout efò-nou pou gen yon bèl avni pou Ayiti.

Sete yon nòt pou laprès ki pote siyati Sekretè Jeneral Nasyon Zini-an Ban Ki-moon pou make 5èm anivèsè tranblemanntè ki te frape Ayiti, 12 Janvye 2010 la.

XS
SM
MD
LG