Ann Ayiti, sekretè jeneral Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an, Pastè Léonel D. Raphael, deklare KEP a pare pou l òganize eleksyon prezidansyèl e lejislatif nan peyi a nan fen novanm ane sa a. Dapre yon arete ki parèt byen ta madi 29 jen an, eleksyon presidensyèl yo fikse pou 28 novanm kap vini an.
Nan yon entèvyou li fè ak Lavwadlamerik, Pastè Raphael ap reponn kesyon Ronald César.
Klike sou ikòn MP3 ki anwo e adwat atik sa a pou w koute yon repòtaj Ronald César.