Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral Nasyon Zini an Di li Gen Kè Sote sou Jan Peyi Rich yo Ap Trete Refijye yo


Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, António Guterres, sant, akonpaye ak pòtpawòl òganizasyon an, Stéphane Dujarric, agoch, ak Direktè Komisyonè wo nivo pou refijye yo, Ninette Kelley, adwa, pandan yon konferans pou laprès.
Sekretè Jeneral Nasyon Zini an, António Guterres, sant, akonpaye ak pòtpawòl òganizasyon an, Stéphane Dujarric, agoch, ak Direktè Komisyonè wo nivo pou refijye yo, Ninette Kelley, adwa, pandan yon konferans pou laprès.

Jodi madi 20 jen 2017 la, se Jounen Mondyal Refijye yo. Nan okazyon sa a, sekretè jeneral Oganizasyon Nasyon Zini an, Antonio Guterrez, eksprime kè-sote li devan le fèt ke peyi rich yo redui posiblite pou refijye al enstale yo sou tèritwa nasyonal yo.

Nan yon konferans pou laprès lidè òganizasyon mondyal la bay nan New York, li deklare:

“Sitiyasyon sa a ban nou yon preokipasyon espesyal; sitou si refi sa a baze sou yon popilism politik, sou lahèn pou imigran, ak rasism, kote moun atake refijye yo. Anpil fwa, yo akize refijye yo komkwa yo reprezante yon menas teworis, aloske refijye yo pa teworis; men se yo menm, an premye, ki viktim nan sikonstans sa yo; anpil fwa, si yo tounen refijye, se paske yap kouti pou atak teworis.”

Sitiyasyon Refijye Ayisyen yo nan lemomd: Refleksyon Kowòdonatè GARR la, Saint-Pierre Beaubrun.

Pou sa ki gen rapò ak Ayiti, toujou genyen yon pakèt sitwayen peyi sa a kap fè fas ak anpil difikilte sou divès tèritwa etranje atravè lemond, sitou an Repiblik Dominikèn ak nan lòt peyi nan Amerik di Nò ak Amerik Latinn nan. Saint-Pierre Beaubrun ki se kowodonatè GARR (Gwoup Apui pou Refijye ak Rappatriye), reflechi sou ka refijye ayisyen sa yo nan mikwo Jacquelin Belizaire.

Klike sou lyen odyo a pou w tande deklarasyon kowòdonatè GARR la,Saint-Pierre Beaubrun, nan mikwo Jacquelin Belizaire.

Refleksyon Kowòdonatè GARR la, Saint-Pierre Beaubrun, sou Sitiyasyon Refijye Ayisyen yo nan Lemond
please wait

No media source currently available

0:00 0:13:33 0:00

XS
SM
MD
LG