Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Rankontre avèk Opozisyon Siryèn nan


Sekretè Deta ameriken an Hillary Rodham Clinton
Sekretè Deta ameriken an Hillary Rodham Clinton

Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, rankontre ak 7 manm opozisyon Siryèn nan pou l te fè yo konnen li ta renmen wè demokrasi pran rasin nan peyi Siri.

Objektif rankont la se pou yo te pale de yon tranzisyon ki ka debouche sou demokrasi –pi espesyalman yon pwosesis ki gen patisipasyon minorite yo.

Chèf diplomasi amerikèn nan deklare:

“San di pètèt, yon tranzisyon vle di plis pase ranvèsman rejim Assad. Sa vle di mete Siri sou wout yon eta-de-dwa ak pwoteksyon dwa tout moun, tout sitwayen, kèlkeswa relijyon yo, ras yo, oubyen kesyon pou konnen èske yo se gason oubyen fi.”

Se premye rankont Sekretè Deta ameriken an avèk reprezantan opozisyon siryèn nan –pami yo te genyen prezidan Konsèy Nasyonal Siryen an, plis kowòdonatè konsèy la pou kesyon dwamoun ak sosyete sivil.

Pandansetan, anbasdadè ameriken an nan Damas, Robert Ford, retounen nan kapital Siri a aprè Depatman Deta te raple misye nan mwa doktòb pase a, paske responsab diplomasi amerikèn nan te gen kè sote pou sekirite pèsonèl li.

XS
SM
MD
LG