Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Rankontre ak Prezidan Eli Martelly


Prezidan eli peyi Dayiti a, Michel Martely, fè konnen gen gwo defi k ap tann li pi devan, nan moman peyi li ap eseye soti anba tranblemanntè ki te devaste l ane pase. Mesye Martely pale konsa nan Washington mèkredi 20 avril 2011 la pandan li t ap rankontre ak Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, ki t ap ressevwa l nan Depatman Deta a, kote yo te genyen yon rankont prive, epi yon dejene-d-travay, e ansuit yo te pale ak laprès.

Prezidan eli ayisyen an, Michel martely, -ki fè fè vizit sa a mwens pase yon mwa anvan li prete sèman-- di kesyon rekonstriksyon ap mache tou dousman 15 mwa apre trajedi ki te kraze kapital la e touye plis pase 200 mil kretyen vivan.

Nan sesyon kesyon-repons ki te swiv deklarasyon Madam Clinton ak Misye Martelly yo, prezidan eli ayisyen an te pale, antwot, de asistans Etazini ap bay Ayiti epi posibilite pou peyi Dayiti genyen yon lòt fòs de löd akote fös polis la, jan konstitisyon 1987 la prevwa sa a.

Klike sou ikon ki anwo e adwat atik la pou w tande deklarasyon Sekretè Deta Ameriken an Hillary Clinton.

XS
SM
MD
LG