Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Mande Pakistan Ogmante Taks Sou Boujwa yo


Sekretè deta Etazini Hillary Clinton lanse apèl pou mande Pakistan pou l ogmante taks sou moun ki rich nan peyi a pou ede peyi a rekanpe sou pye aprè gwo inondasyon ki sot ravaje Pakistan.

Chèf diplomasi amerikèn nan di li toutafè inakseptab a pou sa yo ki gen mwayen nan Pakistan pa fè pòsyon pa yo alòske donatè entènasyonal yo ap finance efò sekou yo.

Sekretè deta Clinton fè komantè sa yo aprè yon rankont li te genyen nan Brusèl ak chèf politik etranjè Inyon Ewòp la, Catherine Ashton.

Chèf diplomasi amerikèn nan di Pakistan dwe mobilize pwòp resous li pou efò rekonstriksyon yo.

XS
SM
MD
LG