Accessibility links

Breaking News

Etazini Kwè nan Kapasite ak Konpetans Gouvènman Jovenel Moise la pou l Fè Bonjan Eleksyon nan Peyi a


Sekretè Deta Ameriken an Mike Pompeo ak Minis Afè Etranjè Ayisyen an Bocchit Edmond. Foto: Paj Twitter Minis Bocchit Edmond
Sekretè Deta Ameriken an Mike Pompeo ak Minis Afè Etranjè Ayisyen an Bocchit Edmond. Foto: Paj Twitter Minis Bocchit Edmond

Sekretè deta ameriken an Mike Pompeo, ki t ap reponn kesyon Jounal The Miami Herald, mande otorite ayisyen yo pou elabore yon kalandriye elektoral epi fikse yon dat pou eleksyon dewoule nan peyi a.

Nimewo 1 depatman deta a di Etazini bezwen eleksyon dewoule nan peyi a ki enpòtan. Chèf diplomasi ameriken an ensiste pou l di gouvènman an gen kapasite, konpetans ak dwa pou l reyalize eleksyon nan peyi a. Mesye Pompeo fè deklarasyon sa a apre li te finn rankontre minis afè etranjè gouvènman demisyonè ayisyen an Bocchi Edmond.

Jounal Le Nouvelliste site pawòl opozisyon radikal la mèt Andre Michel ki ta fè konprann " Sekretè deta ameriken an trouve l an deyò reyalite politik peyi a. Jodi a peyi a genyen yon prezidan ilejitim, ke popilasyon an rejte. Pèson pa fen prezidan an konfyans e pa gen oken group politik serye k ap aksepte patisipe nan eleksyon chèf leta ta konvoke."

XS
SM
MD
LG