Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Ameriken an Ap Vizite Peyi Kanbòdj


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, fè konnen Lèzetazni pap anile dèt peyi Kanbòdj genyen pou li depi nan epòk lagè Vyetnam nan, men Washington dispoze anvizaje kèk mwayen espesyal Phnom Penh kapab itilize pou l remèt sa gouvènman konbodyen an rele “yon dèt sal”.

Pandan chèf diplomasi amerikèn nan te pran lapawòl lendi premye novanm 2010 la devan yon gwoup etidyan nan Phnom Penh, li lanse lide pou lajan an ta sèvi pou pwoteje anviwonnman an nan Kanbòdj e pou fè edikasyon pèp kanbodyen an.

Kanbòdj dwe Lèzetazini yon afè de 445 milyon dola ke Washington te prete li nan ane 70 yo; lè sa-a se yon rejim pwo-ameriken (an palan de gouvènman ki te genyen Lon Nol nan tèt li a) ki tap dirije peyi a.

XS
SM
MD
LG