Ozetazini, Prezidan Barack Obama fè konnen, menmsi efò Lèzetazini ap dirije pou konbat Gwoup Eta Islamik la reyalize pwogrè, batay la rete difisil toujou e li pase manm ekip sekirite nasyonal li a enstriksyon pou yo ranfòse efò yo.
Misye Obama fè deklarasyon sa a nan sware jedi 25 fevriye 2016 la, swa 2 jou anvan yon akò seselfe antre an aplikasyon ant pati belijeran yo nan Siri. Daprè sa Prezidan ameriken an di, akò sa a genyen yon bon jan chans pou l pote yon lapè dirab nan Siri. Misye Obama di:
"Se pral yon tès kap montre si pati konsène yo enterese vrèman nan negosyasyon. Pwosesis ki sòti nan antant Jenèv la, se yon pwosesis ki trè klè: Se yon tranzisyon ki ta dwe debouche sou yon gouvènman ki pi reprezantatif, ak patisipasyon plis sektè. Li prevwa tou yon nouvo konstitisyon epi eleksyon lib. Map repete ankò : Mwen si e sèten sa bay yon avni ki pap genyen Bashar al-Assad ladan n.”
Seselfe nan Siri a dwe antre an aplikasyon vandredi a minui. Li fè pati yon efò elaji ki fèt sou patwonaj Lèzetazini ak lòt peyi manm Gwoup Entènasyonal Apui pou Siri a.