Accessibility links

Breaking News

Se pa Tout Moun ki Kontan Elon Musk Achte Twitter


Foto Achiv: Logo Twitter la epi kont Twitter Elon Musk la.
Foto Achiv: Logo Twitter la epi kont Twitter Elon Musk la.

Milyadè Elon Musk antann ni ak rezo sosyal Twitter pou'l achte'l pou $44 milya.

Musk, ki se PDG Tesla, se moun ki pi rich nan mond lan e li di li vle achte Twitter paske li kwè li pa fè ase pou'l ankouraje libète la pawol.

Musk di li vle transfome Twitter pou fè'l tounen yon konpayi prive pou ogmante konfyans itilizatè yo e pi byen sèvi sa li rele "enperativ sosyete a" pou libète la pawol.

Dan Ives se yon analis Wedbush.

"Mwen kwè moun gen anpil kestyon pa rapo ak antant Musk fè ak Twitter la ak kisa'l pral fè ak rezo a. Eske li pral egije moun abone? libète la pawol, kijan sa chanje Twitter" Mwen kwè gen plis kestyon ke repons pou kounyea. M'kwè sa pral pran ant 12 ak 18 mwa pou tranfome Twitter," Ives deklare.

Kijan Lamezonblanch reyaji?

"Eben mwen pap fe komantè sou yon tranzaksyon presi,Jen Psaki, pòt pawòl Lamezonblanch di lapres. "Mwen ka di'w an jeneral kèlkeswa kiyès ki jere Twitter, prezidan an gen kè sote depi lontan sou pouvwa gwo rezo sosyal sa yo genyen. Yo gen enfluyans sou lavi kotidyen nou e depi lontan lap di fok rezo teknoloji yo pran responsabilite pou domaj yo koze. Li apiye refom fondamantal pou atenn objektif sa a pami yo refom nan lwa peyi a ki mande plis transparans. E li ankouraje ke tou le 2 pati yo nan Kongrè a anvizaje kèk lwa sou sa. Men m'pap bay detay sou sa pou kouneya."

Kijan moun reyaji sou Twitter?

Elon Musk di li espere moun ki renmen kritike li yo ap rete sou rezo a paske se sa libète la pawol vle di.

Aktris Britanik Jameela Jamil anonse li pami moun ki pral vag sou Twitter apre anons Elon Musk fè pou di li achte rezo a.

Simu Liu mande "ekse pat gen pi bon bagay pou achte ak $44 milya dola?

Epi Ice T di "Mwen kwe li tap kool si Musk te achte twitter epi etenn ni LOL.

Twitter di li pral tounen yon konpayi prive apre lavant la finn fèt.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG