Accessibility links

Breaking News

Elon Musk Achte Twitter pou $44 Milya


Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.
Foto Achiv: PDG Tesla ak SpaceX la Elon Musk.

Komite direktè Twitter yo antann yo ak PDG Tesla a, Elon Musk, pou vann rezo sosyal la.

Musk achte Twitter pou $44 milya. Li pwomèt pou privatize rezo a e li pwomèt pou'l bay itilizatè yo plis libète lapawol. Misye konn pwomouvwa enterè li yo, atake kritik li yo epi bay opinyon sou kestyon ekonomik ak sosyal. Gen plis pase 83 milyon moun kap swiv Elon Musk sou Twitter.

PDG Tesla a se moun pi rich nan mond lan, e li te di li vle achte Twitter paske li limite libète la pawol itilizatè yo.

Nan yon deklarasyon li pibliye ak Twitter, Musk di li vle rann sèvis la "pi byen ke jamè" epi kreye kèk nouvo aspè tankou pa egzanp "spam bots" yo ki simaye piblisite pou divès pwodwi.

Pri aksyon Twitter yo te ogmante 6% sou mache a Lendi.

XS
SM
MD
LG