Accessibility links

Breaking News

Sanksyon Ekonomik ak Politik Kont Laurent Gbagbo


Sanksyon Ekonomik ak Politik Kont Laurent Gbagbo
Sanksyon Ekonomik ak Politik Kont Laurent Gbagbo

Nan moman kominote entènasyonal la ap mete presyon sou prezidan sòtan ivwaryen an, Laurent Gbagbo, pou l kite pouvwa a, sanksyon ekonomik e politik yo sanble se zam li vle itilize kont li pou kounye a. Eske zam sa yo pral bay rezilta ?

Sa fè plis pase yon mwa depi eleksyon prezidansyèl te dewoule nan Kot-Divwa e pifò peyi konsidere rival mesye Gbagbo a, Alassane Ouattara, kòm prezidan eli Kot-Divwa men misye Gbagbo derefize renmèt pouvwa a. Madi pase, misye Gbagbo benefisye yon jou anplis sou pouvwa a apre echèk yon delegasyon lidè Afrik de Lwès pat reyisi konvenk li pou remèt pouvwa a. Pandansetan, menas yon entèvansyon militè gwoup rejyonal Afrik de Lwès la (CEDEAO) toujou pandye sou tèt lidè rekalsitran ivwaryen an pandan negosyasyon yo ap kontinye.

Laurent Gbagbo
Laurent Gbagbo

Analis politik Nu Akuetteh, ki baze nan Washington, deklare "kondanasyon konpòtman mesye Gbagbo ki gaye toupatou kontinye ap vale-teren. Akuetteh, yon ansyen direktè Aksyon afrikèn, yon òganizasyon amerikèn non-gouvènmantal, te pase plizyè lane ap travay nan rejyon Afrik de Lwès la.

Li deklare: “kontinan afriken an te viv plizyè kriz tankou sa a. Sepandan sila a inik nan fason Inyon Afrikèn nan ak CEDEAO a ap mande mesye Gbagbo pou l kite pouvwa a”.

Pou konnye a, presyon ekonomik e politik sanble se zam y ap itilize kont mesye Gbagdo. Inyon ewopeyèn ak Etazini enpoze restriksyon vwayaj sou prezidan sòtan ivwaryen an ak moun ki nan antouraj li yo. Bank Mondyal jele lajan li ta pral prete Kot-Divwa a e Bank Santral Afrik de Lwès la transfere bay mesye Alassane Ouattara rezèv lajan leta ivwaryen genyen nan men li.

Lafrans, Kanada, Inyon Ewopeyèn nan ak Lèzetazini pa rekonèt ankò anbasadè mesye Gbagbo ki an pòs lakay yo. Nouvo anbasadè mesye Ouattara fenk nonmen bò kote Nasyonzini an gent an antre an fonksyon. E, Le Figaro, yon jounal fransè, rapòte Inyon Ewopeyèn kapab adopte nouvo sanksyon nan kòmansman mwa janvye a kont lidè sòtan ivwaryen an si mesye Gbagbo pa kite pouvwa a .

Akuetteh panse sanksyon djanm nesesè kounye a, pami yo jele kont an bank mesye Gbagbo ak tout madanm ni genyen nan peyi etranje.

XS
SM
MD
LG