Accessibility links

Breaking News

Repons Kesyon: "Eske M Kapab Bay Lakwawouj ak Lopital San Si Kowonaviris Egziste Kote M ap Viv la?"


Yon mesye k ap bay san li.
Yon mesye k ap bay san li.

Gen moun k ap poze kesyon pou yo mande: “Nan moman maladi KOVID-19, ke kowonaviris bay, ap pase sou kominote kote m ap viv la, èske li pridan pou m bay san -kòmkwa pou m bay Lakwawouj, yon lopital oubyen yon sant de sante san si yo manke san?”

Nan tout peyi, nan anpil enstitisyon kote travay manm pèsonèl la se fè efò pou yo sove lavi moun, afè bay san se yon pati esansyèl swen-sante; e se menm pafwa yon kesyon de vi e de mò pou yon moun ki malad. Nesesite pou enstitisyon sa yo gen san ki disponib se yon nesesite ki egziste an pèmanans. Se pou sa, nan kèlkeswa sikonstans la, sant kote moun bay san rete ouvè e yo toujou gen yon bezwen ijan pou yo resevwa san.

Sant Ameriken pou Kontwòl ak Prevansyon Mamadi a (CDC) bay tout moun ki an bòn sante konsèy pou yo kontinye al bay san depi yo kapab, menm lè y ap pratike distans sosyal akoz kowonaviris la. CDC toujou apiye sant kote moun al ofri san yo; se konsa li bay rekòmandasyon ki pwoteje sekirite donatè yo ak manm pèsonèl sant sa yo.

Kèk egzanp rekòmandasyon sa yo se: 1). Toujou kite yon distans 6 pye ant 2 donatè; 2). Swiv pratik ki ede anviwonnman an rete pwòp; epi 3). Ankouraje donatè yo pran randevou davans anvan y al bay san nan Lakwawouj, nan lopital yo oubyen nan sant sante yo.

XS
SM
MD
LG