Accessibility links

Breaking News

San Koule nan Matisan


Aerial view of the Martissant neighborhood of Port-au-Prince, Haiti, on October 28, 2021.
Aerial view of the Martissant neighborhood of Port-au-Prince, Haiti, on October 28, 2021.

Soti mèkredi premye desanm pou louvri jedi 2 desanm 2021, batay ak zam eklate ant bandi Gran Ravin ak Tibwa kote anpil san koule nan katye Matisan nan sòti sid kapital la, Pòtoprens.

Yon lòt kote , nèg ame louvri kout zam otomatik sou yon otobis ki t ap transpòte 38 pasajè nan direksyon komin Kafou. Dapre konsta jij de pè Moise Jean fè nan lopital Adventiste de Diquini , yon fanm ansent mouri sou plas ak plis pase yon dizèn lòt blese grav.

Dapre jij de pè a toujou, gen moun ki pran bal nan tèt, nan tete, nan vant e ki kounye a ap resevwa swen nan lopital Adventiste de Diquini ak nan Food for the Poor ki nan komin Kafou. Gen anviwon 5 moun ki ta pèdi lavi yo nan nan ensidan sa a. Lopital sa yo pa gen mwayen nesesè pou pran swen blese ki twò gràv yo ni tou, li pa posib pou transpòtè yo nan lòt sant ospitalye akoz aktivite gang sou wout Matisan an.

Sa gen anviwon 6 mwa depi nèg ame ap goumen antre yo nan zòn sa a . Lapolis sanble pa ka fè anyen nan sitiyasyon an malgre plizyè tantativ ki pa bay gwo rezilta. Pa gen moun ki konnen konbyen moun ki mouri anba men nèg ame Matisan yo.

Òganizasyon dwa zimen tankou Rezo Nasyonal Defans Dwa moun ann Ayiti (RNDDH), kondane sa k pase a e mande enstans konsène yo pou asime responsabilite yo pa rapò ak dezòd Matisan an.

Bò kote pa l, Premye minis Ariel Henry di, youn nan prensipal objektif gouvènman an se batay pou retabli lòd ak sekirite nan tout peyi a.

XS
SM
MD
LG