Accessibility links

Breaking News

USA-Imigrasyon: Salvadoryen ak TPS Gen Jiska 9 Septanm 2019 pou Yo Ranje Stati Yo


Manifestan k ap mande otorite imigrasyon ameriken renouvle TPS e konsève DACA.
Manifestan k ap mande otorite imigrasyon ameriken renouvle TPS e konsève DACA.

Gouvènman ameriken an pral mete fen nan yon pwogram ki pwoteje yon afè de 262 mil 500 sitwayen peyi Salvadò kap viv Ozetazini depi preske 20 tan san papye legal, daprè sa otorite wo-plase nan administrasyon Trump la anonse nan kòmansman jounen lendi 8 janvye 2018 la.

Daprè anons la, TPS la, ki pwoteje salvadoryen sa yo kont aksyon Sèvis Imigrasyon ameriken te ka pran pou depòte yo, ap fini le 9 septanm 2019. Lè dat sa a rive, benefisyè TPS yo –ki tap viv/travay legalman Ozetazini depi 20 tan- ap repran stati yo te genyen anvan TPS la,

Manifestan nan yon mach pwo-imigran nan Washington ki t ap mande pou Depatman Sekirie Enteryè Lèzetazini konsève DACA e renouvle TPS (Foto: Achiv).
Manifestan nan yon mach pwo-imigran nan Washington ki t ap mande pou Depatman Sekirie Enteryè Lèzetazini konsève DACA e renouvle TPS (Foto: Achiv).

Se konsa tou salvadoryen sa yo gen 2 lòt opsyon: oubyen yo aplike pou yon chanjman stati paske yon manm fanmi yo kapab fasilite sa pou yo, oubyen patwon travay yo aplike pou sèvis imigrasyon ba yon yon viza-travay pou yo kontinye rete legalman nan peyi a.

San di pètèt desizyon Depatman Sekirite Enteryè Lèzetazini an (Department of Homeland Security) anonse lendi a pral lakoz anpil imigran salvadoryen k ap viv Ozetazini rete san papye legal; nan ka sa a, se otomatikman Sèvis Imigrasyon ak Ladwann ameriken ap gen dwa depòte yo.

XS
SM
MD
LG