Accessibility links

Breaking News

Vizit Sekretè Deta Mike Pompeo nan Arabi Sawouti, 2èm Etap yon Toune nan Mwayen Oryan an


Monak Arabi Sawoudit la, Monwa Salman (adwat), ki t ap rankontre avèk Sekretè Deta Mike Pompeo nan Kou Wayal la nan Riyad, lendi 14 janvye 2019 la.
Monak Arabi Sawoudit la, Monwa Salman (adwat), ki t ap rankontre avèk Sekretè Deta Mike Pompeo nan Kou Wayal la nan Riyad, lendi 14 janvye 2019 la.

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, twouve li nan Arabi Sawoudit kote obsèvatè yo espere li pral mande jistis pou jounalis sawoudyen Jamal Khashoggi ki te mouri asasinen nan peyi Tiki.

Chèf diplomasi amerikèn nan te debake nan Riyad, kapital Arabi Sawoudit, nan jounen dimanch 13 janvye 2019 la aprè yon vizit nan Katar. Ajanda vwayaj sa a prevwa Misye Pompeo ap fè chata-tande sou Yemèn, Iran avèk Siri. Pou plis presizyon, otorite yo nan Riyad swete abòde avek li plan Lèzetazini genyen pou l wete twoup militè li yo nan Siri; yon reterè ki, daprè anpil lidè sawoudyen, pral genyen konsekans negatif. Pa egzanp, selon yo, sa ka ofri okazyon pou Larisi ak Iran ranfòse enfliyans yo sou peyi a san bliye yon chans pou Prezidan Bashar al-Assad sere grapen li plis toujou sou Siri.

Plis detay ak Lyonel Desmarattes depi sal dè nouvèl Lavwadlamerik la nan Washington.

Vizit Sekretè Deta Mike Pompeo ann Arabi Sawoudit
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:53 0:00

XS
SM
MD
LG